Ti Koze Sou Konstriksyon https://tikozesoukonstriksyon.com/ Votre repère en matière de construction Mon, 05 Dec 2022 02:55:24 +0000 fr-FR hourly 1 https://wordpress.org/?v=6.5.5 https://tikozesoukonstriksyon.com/wp-content/uploads/2024/03/cropped-logo-TKSK-2024-rebranding-white-32x32.png Ti Koze Sou Konstriksyon https://tikozesoukonstriksyon.com/ 32 32 Baraj https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/12/05/baraj/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/12/05/baraj/#respond Mon, 05 Dec 2022 02:49:57 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=194 Katriyèm epizòd sezon II Ti koze sou konstriksyon ap pale de Baraj . Nap gen chans konnen kisa Ki yon Baraj , diferan tip Baraj ak anpil lòt bagay ankò.

The post Baraj appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
Katriyèm epizòd sezon II Ti koze sou konstriksyon ap pale de Baraj . Nap gen chans konnen kisa Ki yon Baraj , diferan tip Baraj ak anpil lòt bagay ankò.

The post Baraj appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/12/05/baraj/feed/ 0
Tip vibratè ke nou itilize nan konstriksyon- vibratè pou beton. https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/vibrate-eksten-vibrate-fom-obirate-tab-vibran/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/vibrate-eksten-vibrate-fom-obirate-tab-vibran/#respond Tue, 29 Nov 2022 16:32:26 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=142 Kisa yon vibratè ye? Vibratè se yon aparèy ke yo itilize pou konpakte beton sou chantye a. Vibratè pou beton yo disponib sou yon laj gam ak dimansyon. Gen kèk vibratè pou beton ki piti e ki efikas ki fonksyone a batri e gen lòt ki pi gwo ki fonksyone ak enèji elektrik. Nan ka […]

The post Tip vibratè ke nou itilize nan konstriksyon- vibratè pou beton. appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>

Kisa yon vibratè ye?

Vibratè se yon aparèy ke yo itilize pou konpakte beton sou chantye a. Vibratè pou beton yo disponib sou yon laj gam ak dimansyon. Gen kèk vibratè pou beton ki piti e ki efikas ki fonksyone a batri e gen lòt ki pi gwo ki fonksyone ak enèji elektrik.
Nan ka vibrasyon, konpaktaj la pwovoke pa yon rediksyon fwotman entèn ant diferan patikil nan beton an, ki tradui pa yon mas beton ki dans ak kontak.
Nou itilize vibratè nan konstriksyon wout, batiman pou konpakte beton an. Vibratè an konpakte beton ki apèn koule, li elimine lè ak eksè imidite. Objektif se pou fikse beton an nan kofraj la. Li la pou asire konsolidasyon beton an ak evite defo ke l kapab fè. Vibratè sa yo gen yon frekans ant 2 800 a 15 000 tr/min.

Men tip vibratè ke yo itilize nan konstriksyon:

Vibratè entèn:

Vibratè entèn ou vibratè imèsyon nan beton ou egiy ke yo itilize sou chantye konstriksyon.

Li gen yon tib ki fè ak asye avèk yon eleman vibran eksantrik anndan. Vibratè a poker vibran li gen yon tib asye ki relye a yon motè elektrik. Dimansyon poker ranger yo se 40 a 100 mm dyamèt ki detèmine pandan kew pran an kont distans ant ba amati nan kofraj la.
Dimansyon egiy vibratè a li varye ant 25 mm a 90 mm, avèk yon minimòm de 25 mm ak 35 mm ke yo itilize pou koule dal twati.

Pou konpakte mas beton nan estrikti ak poto ak pout, nou dwe itilize vibratè ki gen yon egiy ki varye ant 40 mm ak 60 mm.

Lè ke se semèl solid pou divèsite estrikti pon, nou dwe itilize yon vibratè avèk yon egiy 75 mm ak 90 mm pou konpakte mas beton an, poul kapab kenbe vid ak evite ni de salte.

Vibrasyon pou vibratè yo gen yon frekans ki ale jiska 15 000 tr/min. Sepandan li toujou konseye 3 000 a 6 000 tr/min minimòm.

Vibratè ekstèn ou vibratè ak fòm obiratè:

Li gen yon plak de baz. Li itilize pou konpakte sifas beton prefabrike ki apèn koule. Li gen yon motè endiksyon trifaze kap alimante li.
Li fèmen konplètman, li fyab e fasil pou itilize, li gen yon kòdon alimantasyon ki gen 4 kab ki kouvri ak kawotchou. Li gen yon motè ki gen yon estrikti leje.

Tout depan de modèl konstriksyon an, machin nan fikse nan kofraj la swa orizontal ou vètikal ak yon espasman 90 cm nan tou 2 sans yo.

Vibratè sifas:

Vibraisifas yo fikse de manyè pèmanan nan mas beton an. Pandan pwosesis kriblaj la, li vibre beton an lwen sifas la. Lè ke li itilize konjwentman ak beton an ki gen fèb rapò dlo/siman, se yon bon chwa ou konpakte eleman ki pa pwofon yo.

Pou yon pwofondè ki siperyè a 250 mm de beton, nou pa dwe itilizel. Avèk èd machin sa, menm melanj sèk yo kapab konpakte byen. Vibratè pou sifas yo gen yon plato ak chap vibran.

Li itilize pou konpakte ti dal, pou repare e fikse sifas orizontal tankou dal chose yo. Li tounen a yon frekans 4000 tr/min.

Tab vibran:

Menm si ke kofraj la sere sou vibrè a, prensip vibrasyon beton ak kofraj la li pa chanje.

Yon pwa eksantrik a wotasyon rapid, an jeneral li fè yon mouvman sikilè, tan lan vibre. Sistèm lan gen 2 pati kap tounen nan sans opoze.

Tab la soumèt ak 2 konpozan orizontal de vibrasyon ki kapab netralize. Se nan direksyon vètikal lan ke mouvman ki gen yon senp amoni. Men li gen kèk pwen pozitif ki piti. Tab vibran an li alimante pa yon elektrik-eman ki alimante pa yon kouran altènatif. Li atenn yon frekans ki ant 1 500 ak 7 000 tr/min.

Yon tab ak anplitid varye dwe itilize pou vibre beton ki gen seksyon diferan dyamèt ou vibrasyon a fen laboratwa avèk frekans varyab se yon bonis.

N.B: Yon tab vibran se mwayen ki bon e ki efikas pou konpakte beton prefabrike. Nou gen enterè pou nou prevwa tab vibran ki gen kòmand elektrik ou nematik li patikilyèman ki enteresan pou tavay prefabrike yo.

The post Tip vibratè ke nou itilize nan konstriksyon- vibratè pou beton. appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/vibrate-eksten-vibrate-fom-obirate-tab-vibran/feed/ 0
Wòl Topograf nan konstriksyon Batiman https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/topograf-mezire-teren-chantye-topografi-apantaj-delimitasyon-teren/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/topograf-mezire-teren-chantye-topografi-apantaj-delimitasyon-teren/#respond Tue, 29 Nov 2022 16:23:51 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=139 Nan yon chantye konstriksyon gen plizyè espesyalis ki travay ladan l. Nan tout espesyalis sa yo ki travay depi ouvèti chantye e jis li fini tankou topograf la. Nan atik sa, nou pral prezante nou wòl yon topograf nan yon chantye. Yon topograf se yon espesyalis nan mezire teren. Prezans li endispansab nan gwo chantye […]

The post Wòl Topograf nan konstriksyon Batiman appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
Nan yon chantye konstriksyon gen plizyè espesyalis ki travay ladan l. Nan tout espesyalis sa yo ki travay depi ouvèti chantye e jis li fini tankou topograf la. Nan atik sa, nou pral prezante nou wòl yon topograf nan yon chantye.
Yon topograf se yon espesyalis nan mezire teren. Prezans li endispansab nan gwo chantye yo. Lèw fè apèl a yon topograf sou chantye ou se konsilte yon espesyalis nan domèn lan. Li entèveni avan chantye a kòmanse, pandan chantye an ap kontinye travay e nan fen chantye a.
Avan chantye a demare, Topograf la gen pou wòl pou l pran relve metrik yo, pou l kapab konnen limit teren pou l eksplwate a. Li pèmèt ou defini baraj ak limit teren kote kew pral konstwi a. Etap sa li kapab fè nan biwo nan yon premye tan aprè sou teren an.
Nan biwo a, Topograf lan kapab sèvi ak avèk kat detaye, plan kadastral ak tout lòt tip plan ki egziste pou idantifye teren kew pral fè kontriksyon an. Lè l fin fè travay sa, li kapab ale sou teren an pou l kapab fè yon rekonesans reyèl ak mezi kat yo.
Pandan chantye a, Topograf la reyalize faz enplantasyon a. Li la pou l kapab repòte de manyè fizik sou teren an tout mezi ki sou kat, plan yo avan. Nan ka sa, Topograf la suiv chantye a e asire li ke tout mezi yo respekte. Li pèmèt ak ekip kap konstwi a pou pa depase limit teren an pou yo pa antre nan pwopriyete lòt moun.
Nan livrezon chantye a, Topograf la reyalize faz rekòlman an. Li asire ke konstrisksyon ke nou reyalize a ou chantye ke nap remèt la ke se yon kopi konfòm de pwojè ke nou te gen depi nan kòmansman an. Konpare sa nou fè a , ak sa ke nou te prevwa a. Topograf la entèveni sou lon tèm sa ke nou kapab rele oskiladyon an. Oskilasyon an vle di ke Topograf la ap obsève avansman konstriksyon an, nan mouvman epi note defòmasyon ke l kapab sibi.

Topograf la prezan avan ak pandan lontan aprè livrezon konstriksyon an.

Pou reyalize yon relve metrik, Topograf la sèvi ak plizyè aparèy ak zouti ki vin pi modèn nan jou sa yo. Pou Topograf yo pran mezi sou teren, Topograf la sèvi ak yon estasyon konplè ki fasilite travay yo. Yo pran mezi ki enkli ang ak distans yo de yon pwen a yon lòt sou teren an. Fòk nou presize ke kounye a zouti Topograf yo ap robotize.

The post Wòl Topograf nan konstriksyon Batiman appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/topograf-mezire-teren-chantye-topografi-apantaj-delimitasyon-teren/feed/ 0
DEKÒLMAN BETON – KOZ – REPARASYON https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/dekolman-polisyon-kowozyon-detachman-beton/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/dekolman-polisyon-kowozyon-detachman-beton/#respond Tue, 29 Nov 2022 16:17:17 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=136 Dekòlman se yon fenomèn kote kèk pati nan beton an ap detache de estrikti a kap ekspoze ba asye ki nan beton an nan atmosfè a. Dekòlman an li koze a koz de rayaksyon chimik ki nan beton an, ki antrene fòmasyon de pwodui etranje a yon gwo volim. Pa mank espas anndan beton an, […]

The post DEKÒLMAN BETON – KOZ – REPARASYON appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
Dekòlman se yon fenomèn kote kèk pati nan beton an ap detache de estrikti a kap ekspoze ba asye ki nan beton an nan atmosfè a.

Dekòlman an li koze a koz de rayaksyon chimik ki nan beton an, ki antrene fòmasyon de pwodui etranje a yon gwo volim. Pa mank espas anndan beton an, nouvo pwodui yo ogmate presyon entèn lan.

Fisi yo fòme pou libere presyon yo deyò. Fisi sa yo, yo ouvri pasaj a yon reyaksyon siplemantè nan atmosfè a ak anviwonman anndan beton ak ogmante potansyèl risk defayans. Fisi yo pwopaje plis e fè beton an tonbe. Pwodui etranje ki fòme yo se koz prensipal pwoblèm lan.

Men pwoblèm ki koz nouvo pwodui yo fòme an rezon kondisyon sa yo:

  • 1- korozyon
  • 2- Rayaksyon agrega yo
  • 3- Atak chimik
  • 4- Polisyon
  • 1- Corrosion

Pyebwa kap grandi kapab koze yon ekspozisyon ak tanperati ki wi, prensipalman an ka ensandi.

Men efè dekòlman beton:

  • 1- Debri beton yo kapab blese moun, andomaje objè ki anba yo.
  • 2- Asye beton an ekspoze ak anviwonman ki ogmante vilnerabilite pou l rouye. Lè asye a rouye li antrene ripti asye a li ka menm deklanche efondreman estrikti a.
  • 3- Dekòlman beton an redui rezistans sifas chaj la. Li redui moman a, chaj ak sizayman ki pote kapasite estrikti a.
  • 4- Si kowozyon (wouy) nan asye a pa trete kòrèkteman lap kontinye pwopaje e sa ap ogmante kou pou fè reparasyon ladan l.
  • 5- Dekòlman beton an altere aspè estetik batiman an, li diminye valè batiman an.

KOZ KONKRÈ DEKÒLMAN BETON AK KÒMAN NOU KAPAB EVITE L:

1. Kouvèti ki pa adapte

Yon kouvèti ki pa adapte ogmante vilnerabilite asye a anviwonman an. Nenpòt ti fisi sou sifas la ekspoze ranfò a. Lè asye an kontak avèk dlo ak lè a, li wouye. Pwodui ki wouye yo gen yon volim ki wo pa rapò ak asye , li pwovoke yon presyon entèn ki leve e ki pwovoke dekòlman.

Solisyon: Yon konsepsyon estriktirèl ki apwopriye, yon sipèvizyon apwopriye ak yon manipilasyion pridan de materyo ke nap itilize yo.

2- Sik dejèl

Nan rejyon ki fè fwèt yo, dlo an enfiltre li transfòme an glas kote ke volim lan li siperyè ak pa dlo a.

Solisyon: Ogmantasyon volim lan kapab jere pandan kew kreye yon pòch lè atifisyèl anndan beton an a lèd ahan antrenè lè.

3- Reyaks global alkali

Lè alkali siman an reyaji avèk silis granila nan prezan dlo, li fòme jèl alkali-silks, li gen plis volim ke pwodui idratasyon konvansyonèl yo.

Solisyon: Reyaksyon agrega alkalen yo pap fè si pa gen youn nan twa eleman sa yo- dlo, alkali ou silis pa prezan. Pa konsekan, reyaksyon an kapab redui tenè an alkali nan siman ou pandan kew ap itilize agrega sentetik san silis.

4- Ak kisa dekòlman beton an sanble?

Dekòlman beton an kapab sanble ak depresyon ki gen fòm won ou oval sou sifas la ou nan jwen yo.

5- KÒMAN NOU KAPAB PREVNI DEKÒLMAN BETON AN?

Men etap pou evite dekòlman beton an:

1. Mete yon kouvèti ki adapte pou ranfòseman.

2. Itilize yon adjivan antrenè lè nan melanj beton an pou lite kont sik jèl la.

3. Itilize granila san silis.

4. Ogmante sekirite ensandi batiman an pou redui domaj ke dife an kapab koze.

5. Adopte yon dozaj (melanj) beton kòrèk pa rapò ak konsepsyon an.

6. Itilize vibratè pou konpakte beton an.

7. Itilize siman ki kapab reziste ak silfat nan melanj lan.

8. Itilize penti pou evite asye yo wouye.

9. Fè finisyon lis sou sifas beton an.

10. Asire nou ke beton an sèch kòrèkteman.

11. Fè finisyon ki lis e itilize penti idwofij sou sifas beton an.

6- KÒMAN NOU KAPAB REPARE DEKÒLMAN BETON AN?

Netwaye zòn ki afekte a ak asye yo, itilize penti antiwouy sou asye yo, korije zòn dekòlman an avèk yon melanj beton. Fè yon finisyon lis ki apwopriye ak itilize yon penti idwofij sou sifas la.

7- KI DIRE VI BETON AN?

30 a 100 lane.

8- KÒMAN NOU KAPAB RÉPARE YON PALFON OU YON MI KI AP DEKOLE?

Men etap pou nou suiv, pou nou kapab repare yon plafon an beton ki ak dekole:

1. Retire pati ki kòmanse ap dekole yo

2. Netwaye ba asye yo a lèd de yon bwòs metalik pou retire epitaph asye yo.

3. Netwaye sifas ki ekspoze a lèd lè konprime.

4. Mete penti antiwouy sou asye ranfò yo.

5. Ranpli zòn ki afekte a ak beton nòmal.

6. Tèmine sifas ki repare a krepisak ak anduisaj.

7. Aplike yon kouch penti idwofij sou sifas la.

The post DEKÒLMAN BETON – KOZ – REPARASYON appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/29/dekolman-polisyon-kowozyon-detachman-beton/feed/ 0
TEKNIK AK METÒD POU AMELYORE SÒL https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/amelyorasyon-sol-jewoteknik-sonde-te-dren-mech/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/amelyorasyon-sol-jewoteknik-sonde-te-dren-mech/#respond Mon, 28 Nov 2022 13:43:38 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=130 KISA KI AMELYORASYON SÒL? Amelyorasyon sòl se yon metòd ou yon teknik itilize pou amelyore yon sòl ki gen move eta. Gen anpil teknik jewoteknik ke yo itilize pou reamenaje yon sòl pou kapab amelyore karaktersitik li. Amelyorasyon sòl la, li la pou l kapab reponn ak egzijans tip estrikti ki dwe konstwi sou teren […]

The post TEKNIK AK METÒD POU AMELYORE SÒL appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
KISA KI AMELYORASYON SÒL?
Amelyorasyon sòl se yon metòd ou yon teknik itilize pou amelyore yon sòl ki gen move eta. Gen anpil teknik jewoteknik ke yo itilize pou reamenaje yon sòl pou kapab amelyore karaktersitik li. Amelyorasyon sòl la, li la pou l kapab reponn ak egzijans tip estrikti ki dwe konstwi sou teren an.

POUKISA AMELYORASYON SÒL LA NESESÈ ?

  • Amelyorasyon sòl la fè pou plizyè rezon:
  • 1. Pou amelyore kapasite pòtant sòl la.
  • 2. Pou ogmante dansite sòl la.
  • 3. Pou kontwole tasman ak pèmeyabilite
  • 4. Pou redui likefaksyon sòl la.

KI AVANTAJ AMELYORASYON SÒL LA?

Metòd amelyorasyon sòl yo valorize menm jan ak sòl fèb ke sòl ki enpwòp ak kontamine yo. Amelyorasyon sòl la gen anpil avantaj, tankou:

  • 1. Ou fè mwens tan pouw reyalize konsepsyon ak fè ouvraj la.
  • 2. Lè kew amelyore sòl la, pa gen oken dechè. Pa gen depans pou elimine ni angaje.
  • 3. Konsepsyon konstriksyon an fasil sou estrikti a.
  • 4. Amelyorasyon sòl la aplikab e efikas sou tout tip sòl.

GEN DIFERAN TIP TEKNIK AMELYORASYON SÒL

Metòd amelyorasyon sòl la klase an fonksyon de tip sòl la:

Pou yon sòl kowezif:

  • 1. Prekonpresyon
  • 2. Dren sab
  • 3. Dren mèch
  • 4. Kolòn an wòch

Pou yon sòl san ki pa kowezif

  • 1. Vibwoflotasyon
  • 2. Sonde tè a
  • 3. Pye konpaktaj

TEKNIK JENERAL AMELYORASYON POU SÒL:

  • 1. Lève à plasma sòl la
  • 2. Melanj pwofon sòl la
  • 3. Jwentwaman Techniques générales d’amélioration des sols

METÒD AMELYORASYON POU SÒL KOWEZIF YO:

1. Prekonpresyon: se yon Metòd amelyorasyon itilize pou sòl tankou ajil ak limon. Nou rele l tou prechaj ou sichaj.Metòd sa li de Dye a konstriksyon kouvri ak yon sichaj. Li ranpli ak yon wotè apwopriye pou pwovoke konpresyon minerè ki nan sou sòl la.
Li rete sou sòl la pandan anpil tan pou konsilidd sòl la Anba. Wotè sifas lan varye jeneralman ant 3m a 10m. Sichaj la yo retirel avan konstrisyon estrikti a demare. Metòd sa ekonomik men li retade konstriksyon an.
2. Dren ak sab : li itilize pou amelyore pwopriyete sòl la ak sòl kowezif tankou ajil ak limon. Dren sab la se kolòn sab konstwi a yon pwofondè selon estrikti a. Kolòn sa yo itilize pou asire rezistans ak ranfòsman sòl ki gen feblès yo. Dren sab yo itilize prensipalman pou sòl fondasyon ak ogmantasyon tan tasman an pou yo kapab kontwole tasman pandan konstriksyon an. Dren sab la se yon metòd ki chè anpil.
3. Dren ak mèch: dren ak mèch la li itilize tankou dren ak sab, konstriksyon dren ak sab la koute anpil. Enjenyè jewoteknisyen yo devlope pa twò lontan dren ak mèch la.
Dren ak mèch la se yon dren ki prefabrike li gen yon riban plastik ki won ki kouvri ak yon manbran jewosentetik. Yo mete yon dred tèt anlè dren mèche la, pou retire dlo. Dren mèch se yo dren ki gen fòm band ki gen yon lajè 100mm e ki gen yon epesè 5 mm.
Dren mèche la prèske ranplase dren sab la koz li se yon metòd ki koute mwens. Dren mèch la li ensere nan sòl la a lèd yon tib. Depi dren ak mèch la Andre nan sòl la, tib esè yo ap soti pwogresivman, yap kite dren mèch la nan sòl la. Pa gen kontan ke gen kèk machin yo fè pou fasilite enstalasyon dren yo.
4. Kolòn an wòch: ajil ki moi to kapab trete a lèd kolòn an wòch, tankou metòd amelyorasyon sòl. Kolòn an wòch yo konstwi pandan ke ou fè yon twou jis nan pwofondè ou swete a, ou ranpli sòl la ak gravye ou ti wòch.
Dimansyon wòch yo kapab varye ant 6mm a 40 mm. Twou pou kolòn an wòch yo fouye ak yon ekipman ki rele vibwoflo. Li gen yon tib long ki gen 2m jiska 3 m longè ak 200mm a 500mm dyamèt lajè. Li ranpli ak wòch depi anwo pou rive anba. Gen yon mas kap fè vibwoflo vire pou fouye sòl la. Lè l fini, twou a ap ranpli ak wòch ou gravye. Dyamèt kolòn wòch la varye ant 0.5m a 0.7m ak espasman nan de kolòn adjasant yo ant 1.5m a 3m.

METÒD AMELYORASYON SÒL POU SÒL KI PA GEN KOWEZYON:

1. Vibwoflotasyon/vibwokonpaktaj: se yon ekipman ki an fòm silend ki gen yon vibratè e ki gen wòch ladan l nan pati siperyè ak enferyè tib la. Metòd sa yo itilize pou konpakte sòl mène yo. Li la pou redui tasman diferansyèl. Vibwoflot li anfonse nan sòl lan a lèd de yon jè dlo ak lè, jiskaske l jwenn sòl fèb la. Depi ekipman an jwenn sòl fèb la, jè dlo ak lè a ap kanpe, a koz vibrasyon ekipman, sòl la konpakte, Li mete deyò lè ak dlò siplemantè ki ranpli vid yo.

Vibwoflo a yo retire pa palye 12 plus pwogresivman. Yap fè ranbleyaj pandan ke yap retire vibwoflo a.

NB: vibwoflotasyon an efikas jiska 20m pwofondè. Dansote rekiz li atenn jiska 70% ka yo.

2. Sonde tè a: se yon tiyo ekstremite li ouvri a 75cm dyamèt, li gen yon pye nan pati enferyè li. Li penetre sòl a lèd de yon kondiktè pye vibran anndan sond tè a. Depi li atenn pwofondè swete a, lap soti lantman pandan motè vibwatwa ap kontinye fonksyone. Sòl la ap dansifye otou sond lan. Pwosedi sa repare plizyè andwa a anviwon 1,5m. Ou kapab itilize li jiska 20m. Se yon teknik amelyorasyon ideyal pou konpakte depo sab satire.
3. Pye konpaktaj: sòl san kowezyon yo kapab trete a lèd pye konpaktaj. Pou fè yon pye konpaktaj, gen yon tiyo nan ekstremite fèmen ki anfonse nan sòl la ki relativman fèb. Lè tiyo a rantre nan sòl lan li konpakte pa vibrasyon. Aprè yo retire tiyo a nan trou a ki ranpli sab. Reyon enfliyans li kapab ale jiska 3 a 4 fwa dyamèt pye a.

METÒD JENERAL AMELYORASYON SÒL:

1. Retire ranplasman sòl lè ke epesè kouch tè ki fèb la, li posib pouw retire tè fèb la ou ranplase l pa youn ki gen bon kalite. Metòd sa senp e li ekonomik.

Yon sòl ki gen bon kalite dwe disponib pa lwen kote terenw lan ye, pou evite frè transpò initil. Pou fouye ak ranbleye sòl la, nou sipoze itilize ekipman terasman .

2. Amelyorasyon pwofon sòl lan kapab fè pandan kew melanje siman ak lacho anndan sòl la. Pou metòd sa nou dwe itilize materyèl kifè pou sa.

3. Enjeksyon: metòd sa efikas pou sab, limon ak wòch. Gen 2 tip kouli, youn ak siman youn chimik. Ou metel a lèd de yon enjektè ou yon ekipman adapte nan prezans sòl frajil. Kouli siman an mwen chè . Kouli chimik lan li itilize kote ke kouli siman an pa efikas tankou nan depo sab fen ou limon.

The post TEKNIK AK METÒD POU AMELYORE SÒL appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/amelyorasyon-sol-jewoteknik-sonde-te-dren-mech/feed/ 0
ETRIYE – DIFERAN FÒM ETRIYE – WÒL ETRIYE https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/etriye-wol-etriye-diferan-tip-etriye-fom-etriye/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/etriye-wol-etriye-diferan-tip-etriye-fom-etriye/#respond Mon, 28 Nov 2022 13:12:51 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=127 Kisa yon etriye ye? Yon etriye se yon bouk ki fèmen ak ba asye nan yon beton ame ki kenbe ansanm ba asye prensipal yo. Etriye yo kapab gen diferan fòn tou depan de konsepsyon ak fòm eleman estriktirèl yo. Ki wòl etriye yo jwe? Gen diferan tip etriye selon fòm konsepsyon eleman estriktirèl yo: […]

The post ETRIYE – DIFERAN FÒM ETRIYE – WÒL ETRIYE appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>

Kisa yon etriye ye?

Yon etriye se yon bouk ki fèmen ak ba asye nan yon beton ame ki kenbe ansanm ba asye prensipal yo. Etriye yo kapab gen diferan fòn tou depan de konsepsyon ak fòm eleman estriktirèl yo.

Ki wòl etriye yo jwe?

  • 1. Li amelyore rezistans konpresyon poto yo.
  • 2. Li evite ripti ki kapab pwovoke pa sizayman lè pout la fisire.
  • 3. Li ogmante dikitilite poto a.
  • 4. Li anpeche ba asye nan poto yo flechi.
  • 5. Li bloke mouvman pandan koulaj beton an.
  • 6. Etriye yo itilize nan poto ak nan pout yo pou menm objektif.
  • 7. Li gen yon bon rezistans a sizayman ak tòzyon.
  • 8. Li kenbe beton an nan mitan li rann li pi e pi rezistan.
  • 9. Li anpeche ba asye yo kwochi.
  • 10. Li kenbe ba asye yo nan plas yo.

Gen diferan tip etriye selon fòm konsepsyon eleman estriktirèl yo:

  • 1. Rektangilè
  • 2. Kare
  • 3. Won
  • 4. Triyangilè
  • 5. Espiral

Tip etriye selon nati konstrisyon an:

  • 1. Etriye a yon pat( etriye ouvri)
  • 2. Etriye 4 pat (fèmen)
  • 3. Etriye 2 pat ( fèmen), se etriye ke yo plis itilize nan konstriksyon.
  • 4. Etriye 4 pat ( etriye fèmen)
  • 5. Etriye 6 pat

Sa nou dwe konnen: Si nou pa founi espesifikasyon apwopriye pou etriye yo, espas nan batiman konstriksyon an kap efondre, konseptè a dwe espesifye espasman etriye estrikti a.

The post ETRIYE – DIFERAN FÒM ETRIYE – WÒL ETRIYE appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/etriye-wol-etriye-diferan-tip-etriye-fom-etriye/feed/ 0
EKLATMAN KAWO SERAMIK – KOZ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/eklatman-kawo-seramik-gonfleman-flanbaj-fisirasyon/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/eklatman-kawo-seramik-gonfleman-flanbaj-fisirasyon/#respond Mon, 28 Nov 2022 13:03:04 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=124 Eklatman Kawo seramik se yon fenomèn gonfleman. Se yon pwoblèm ke nou rankontre anpil, kote ke Kawo seramik yo kite plas yo, yo leve, yap pouse youn lòt. Lè Kawo seramik lan ak detache nan sòl la, li fè yon bri e yo kraze. Gen anpil rezon ki kapab pwovoke defo sila.Karelaj lan kapab prezante […]

The post EKLATMAN KAWO SERAMIK – KOZ appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
Eklatman Kawo seramik se yon fenomèn gonfleman. Se yon pwoblèm ke nou rankontre anpil, kote ke Kawo seramik yo kite plas yo, yo leve, yap pouse youn lòt. Lè Kawo seramik lan ak detache nan sòl la, li fè yon bri e yo kraze. Gen anpil rezon ki kapab pwovoke defo sila.Karelaj lan kapab prezante anpil defo, tankou eklatman ou flambaj kawo seramik yo, fisirasyon ak dekolorasyon Kawo seramik yo.

Gen anpil rezon ki ka koz ke Kawo seramik yo eklate, tankou:

  • 1. Chanjman tanperati
  • 2. Move egzekisyon
  • 3. Si siman nap sentre kawo seramik la ekspire e li de move kalite
  • 4. Lè planche a nivle
  • 5. Move netwayaj Kawo seramik ak planche a, tankou: ajil, grès, salte.
  • 6. Chanjman meteyolojik
  • 7. Lè nou pran yon moun ki pa kalifye pou poze kawo seramik yo.
  • 8. Ogmantasyon chaj

Men kòman nou kapab anpeche eklatman Kawo seramik yo:

1. Netwaye kawo seramik la ak planche a

2. Asire nou ke planche a nivle

3. Itilize Kawo seramik ki gen pa gen gwo dimansyon

4. Fòk nou tape dousman seramik lan poul byen fikse

5. Verifye dat ke materyo yo ap ekspire

6. Kite yon espas 2 mm

7. Lè seramik la apèn fin poze, nou dwe kite 24è pase avan nou mache sou li

8. Pran yon pwofesyonèl nan domèn lan pou poze seramik yo.

The post EKLATMAN KAWO SERAMIK – KOZ appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/eklatman-kawo-seramik-gonfleman-flanbaj-fisirasyon/feed/ 0
Kòman ou kapab verifye kalite siman https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/siman-kalite-resistans/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/siman-kalite-resistans/#respond Mon, 28 Nov 2022 04:14:04 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=121 Siman se youn nan materyo konstrisyon ki enpòtan ke yo itilize nan konstriksyon. Rezistans yon estrikti depann de plizyè faktè, kalite siman an fè pati de sa. Pouw kapab genyen rezistans kew swete de beton e ogmante lonjevite estrikti a, nou dwe toujou itilize yon siman ki gen bon kalite. Li enpòtan pou nou verifye […]

The post Kòman ou kapab verifye kalite siman appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
Siman se youn nan materyo konstrisyon ki enpòtan ke yo itilize nan konstriksyon. Rezistans yon estrikti depann de plizyè faktè, kalite siman an fè pati de sa.

Pouw kapab genyen rezistans kew swete de beton e ogmante lonjevite estrikti a, nou dwe toujou itilize yon siman ki gen bon kalite. Li enpòtan pou nou verifye kalite siman an, avan ke nou itilize li. Gen diferan tès kew kapab fè sou yon siman, pouw kapab verifye kalite li.

Men diferan tès ke nou kapab fè sou siman:

1- Dat yo metel nan sak la:

Se tès siman ki pi fasil ke nou dwe konnen. Rezistans siman an diminye avèk tan an. Nou dwe verifye dat ke yo mete l nan sak la avan ke nou itilize li. Jeneralman siman an dwe itilize 90 jou a konte de dat ke yo mete l nan sak la. Si dat yo mete l nan sak la depase 12 mwa, nou pa dwe itilize l. Ann verifye pousantaj rezistans ke siman an pèdi.

Lè siman an gen 3 mwa, li pèdi 20 a 30% nan rezistans li.

Lè siman an gen 6 mwa, li pèdi 30 a 40% nan rezistans li.

Lè siman an gen 12 mwa, li pèdi 40 a 50% nan rezistans li.

2- Koulè siman an:

Siman an dwe gen yon koulè ki inifòm.

Yon siman ki gen bon kalite dwe gen yon koulè ki gri ak yon ten vè.

3- Verifye si l pa fè boul

Okenn boul pa fòme si ke siman an pa absòbe imidite ki nan klima a.

4- Esè fwotman:

Siman an dwe lis lèw fwote dwèt ou ladan l. Sil baw sansasyon kel gen ti grenn ladanl, sa vle di kel melanje ak sab.

5- Esè tanperati:

Lèw mete menw nan sak siman an, li dwe bay yon sansayon frechè si kalite li bon. Si se pa sa ou kapa santi menw cho a koz de reyaksyon idratasyon.

6- Tès flotè:

Pran yon kantite siman, mete l nan dlo. Siman an dwe flote avan ke l koule nan dlo a.

7- Esè reglaj:

Fè yon pat ak siman an byen epè avèk dlo e plonje l nan dlo a pandan 24h. Pat la dwe fikse e l pa dwe gen fisi ladanl.

8- Tès blòk:

Prepare yon blòk siman 25mm*25mm e 200 mm longè. Plonje l nan dlo pandan 7 jou. Aprèsa mete l sou plizyè sipò ki espase 15 cm, mete yon chaj ki pèse 34 kg. Si se yon bon siman li pap montre ankenn siy feblès.

The post Kòman ou kapab verifye kalite siman appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/siman-kalite-resistans/feed/ 0
JWEN – WÒL JWEN – DIFERAN TIP JWEN https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/jwen-dilatasyon-jwen-sismik-jwen-ripti-jwen-retre-jwen-konstriksyon-enfiltrasyon-dlo/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/jwen-dilatasyon-jwen-sismik-jwen-ripti-jwen-retre-jwen-konstriksyon-enfiltrasyon-dlo/#respond Mon, 28 Nov 2022 04:05:19 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=118 Kisa ki yon jwen? Yon jwen se yon pati vid ki eziste nan yon konstriksyon, ki reyalize nan yon ouvraj pou divizel an plizyè pati, kote ke chak pati sa yo kapab deplase ou defòme libreman. Ki evite aparisyon fisi ak konsekans yo, tankou : enfiltrasyon dlo ,chit rezistans , enstabilite Gen diferan tip de […]

The post JWEN – WÒL JWEN – DIFERAN TIP JWEN appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
Kisa ki yon jwen?

Yon jwen se yon pati vid ki eziste nan yon konstriksyon, ki reyalize nan yon ouvraj pou divizel an plizyè pati, kote ke chak pati sa yo kapab deplase ou defòme libreman. Ki evite aparisyon fisi ak konsekans yo, tankou : enfiltrasyon dlo ,chit rezistans , enstabilite

Gen diferan tip de jwen :

  • Jwen dilatasyon
  • ✓ Jwen retre
  • ✓ Jwen ripti
  • ✓ Jwen konstriksyon

Ki wòl yon jwen?

Chak tip jwen yo ranpli yon fonksyon diferan, yo kapab jwe menm 5 wòl nan yon konstriksyon. Pandan ke yap asire solidite ak dirabilite batiman an. Beton an se yon materyo ki dilate e retrakte an fonksyon de varyasyon klimatik. Modilasyon konpòtmantal sa yo nan estrikti an kapab anjandre fisi. Fenomen retre ki nan beton an kapab nui estabilite konstriksyon an. Jwen an pemet ou kite yon kite yon espas pou dilatasyon ak retraksyon beton an, pouw pa fe presyon e andomaje estrikti a.
 Jwen yo edew prevni tasman diferansyèl nan fondasyon yo. Jwen an edew limite enpak vibrasyon ki lye ak sikilasyon machine ak anjen lou. Vibrasyon say o konn pwovoe des microfissures ki pral frajilize estrikti batiman an avan lè. Yon jwen evite apraisyon fisi a konsekans yo.Van an kapab egzèse gwo presyon sou batiman an, stou si li wo. Jwen yo pèmèt ou atenye defomasyon ki dekoule de presyon sa yo.
Jwen dilatasyon : Beton an se yon materyo ki reyaji suivan varyasyon tanperati a, le chalè li dilate, le fè fwèt li retrakte. Jwen dilatasyon an ap bay beton an libète de mouvman natirèl, san ke batiman an pa riske andomaje. Gras a ak jwen dilatasyon an, plizyè pati nan batiman an kapab fe mouvman endepandaman de lòt.
Jwen retrè : Li fasilite retre beton, sa ki pèmèt ou kontrole anplasman efe de yon potansyèl fenomèn de fisirasyon sou batiman an.
Jwen ripti : Jwen ripti a li menm li la poul divize fondasyon pou evite risk ki lye ak tasman diferansyèl yo. Yon risk tasman diferansyèl li anvizajab le ke ouvraj la konstitiye de estrikti ki en pwa diferan ou yon lot konstriksyon ki kole ak premye a.
Jwen konstriksyon : lè ke ou gen yon dire pwolonje de betonaj nan yon chantye de konstriksyon, ou fè jwen de konstriksyon sou dal beton yo. Tou depan tay dal beton e itilizasyon kew pral fè nan fiti , li posib pouw kapab mete nan jwen konstriksyon an goujons. Ba fè sa yo ap konsolide estrikti a, pandan ke yap repran efò de sizayman yo pandan ke yap pèmèt mouvaman orizontal yo fè.

The post JWEN – WÒL JWEN – DIFERAN TIP JWEN appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/jwen-dilatasyon-jwen-sismik-jwen-ripti-jwen-retre-jwen-konstriksyon-enfiltrasyon-dlo/feed/ 0
KÈK SIY DOMAJ KE FONDASYON AN KOZE KE NOU INYORE https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/siy-domaj-fondasyon-koz-inyore/ https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/siy-domaj-fondasyon-koz-inyore/#respond Mon, 28 Nov 2022 03:52:10 +0000 https://tikozesoukonstriksyon.com/?p=115 Chaj estriktirèl batiman an depann de solidite fondasyon an. Fondasyon an pote eleman prensipal yo tankou :twati, poto ,pout …ak eleman segondè yo .Li nesesè pou nou fè fondasyon an solid. Domaj fondasyon an kapab poze gwo pwoblèm nan batiman an. Fondasyon an soumèt li ak kontrent ke l jwenn nan anviwonman an, tankou drenaj […]

The post KÈK SIY DOMAJ KE FONDASYON AN KOZE KE NOU INYORE appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
Chaj estriktirèl batiman an depann de solidite fondasyon an. Fondasyon an pote eleman prensipal yo tankou :twati, poto ,pout …ak eleman segondè yo .Li nesesè pou nou fè fondasyon an solid. Domaj fondasyon an kapab poze gwo pwoblèm nan batiman an. Fondasyon an soumèt li ak kontrent ke l jwenn nan anviwonman an, tankou drenaj ki pa apwopriye se youn nan rezon ke nou plis jwenn nan fondasyon batiman an, kontraksyon sòl la, eksè imidite.

Toutotan ke tan an pase, fondasyon an ap deplase,fisi ou tasman koze pa anviwonman an. Si ke nou inyore siy sa yo, ap gen gwo domaj nan tan kap vini.

Men kèk siy domaj fondasyon an :

  • 1- Imidite nan sousòl la/ vid sanitè
  • Yon sousòl imid oubyen yon vid sanitè kapab mennen anpil pwoblèm tankou vye odè, limon, sòl ki ap glise e ki pa egal nan tout batiman an.
  • Tout fisi nan sousòl la se yon pasaj fasil pou imidite antre ki kapab mennen gwo dega.
  • 2- Ensèk ki nan sousòl la
  • Yon sòl imid atire milpat , foumi chapantye, kafa, pès zòrèy , e yo rantre nan fisi ki gen nan fondasyon an.
  • 3- Sòl iregilye e afese
  • Planche ki inegal ou afese yo kapab yon pwoblèm grav pou fondasyon an. Li kapab fè sòl la deplase.
  • 4- Mi fisire ak koube
  • Mi fisire yo koze a koz mouvman sòl anba fondasyon an, presyon idwostatik ak move drenaj. Gen 2 tip fisi nou dwe konnen pou nou kapab detèmine gravite domaj yo. Fisi orizontal plis konsène ke fisi vèrikal yo. Fisi orizontal yo fè nou konnen ke batiman an soumèt ak yon gwo presyon.
  • 5- Pòt defòme ou kwochi

Lè fondasyon an deplase ou gen fisi ladan l ou nan twati a, pòt la vin defòme. Si gen imidite nan sousòl la ak vid sanitè.

Ou kapab wè siy sa yo nan kote siperyè goch pòt la, anwo nan pati siperyè dwat pòt la. Lè kew gen yon pòt ki kwense, kew paka fèmenl ak fasilite se imidite nan sousòl la ki koz sa. Jeneralman li fè sa aprè 2-3 jou lè lapli tonbe fò anpil ou lè gen inondasyon.

6- Lè dlo Chita sou kay la

Li nesesè pou nou gen yon sistèm apwopriye pou detounen dlo lapli nan batiman an pa yon goutyè, mete tiyo nou desann yo e nou mennen yo nan sistèm drenaj la. Si pa gen yon sistèm drenaj apwopriye dlo an ap rete sou batiman an lap domaje fondasyon an.

7- Pyebwa bò fondasyon an

Li la rekòmande pou nou plante pyebwa bò fondasyon yo koz rasin yo ka pouse bò fondasyon e li kapab pwovoke fisi nan estrikti a.

8- Separasyon kad, pòt ak fenèt estrikti a

Separasyon kad pòt ak fenèt nan estrikti a, se yon siy ke fondasyon an li gen pwoblèm.

Pwoteksyon sousòl la dwe yon priyorite.

The post KÈK SIY DOMAJ KE FONDASYON AN KOZE KE NOU INYORE appeared first on Ti Koze Sou Konstriksyon.

]]>
https://tikozesoukonstriksyon.com/2022/11/28/siy-domaj-fondasyon-koz-inyore/feed/ 0