Konstriksyon - evalyasyon

EVALYASYON IMÈB

Valè gen pou siyifikasyon valè yon bagay ou yon moun. Lè nou di valè yon bagay li « X » , « X » la fè referans a valè de yon bagay patikilye, li kapab yon batiman ou yon teren. Valè yon bagay depann de demand ak sal ap ofri. Li varye de youn ak lòt. Nan atik sa nou pral pale de valè yon batiman ak teren youn apre lòt.

Pa egzanp, si gen plis moun pou achte kantite apatman ki genyen nan batiman an, valè apatman an ogmante koz gen anpil demand.

Menm jan an, si gen plis apatman ak mwens moun ki enterese pou achte apatman an, valè apatman an bese oswa li pa ka monte an flèch. Se paske gen mwens demand. Se konsa valè fonksyone. Valè yon bagay depann prensipalman de:

• Itilite li

• Rate li

• Anplasman

kou tokad pou moun ki enterese

Kisa ki valorizasyon?

Valorizasyon ou estimasyon se yon tretman ki pèmèt ou detèmine pri jis ou valè yon byen imobilye tankou, imèb, izin, teren, elatriye…

Valè aktyèl ou pri aktyèl de yon estrikti li detèmine a lèd de prosesis sa. Valè yon imèb kapab varye avèk tan an. Lè ke valè batiman an retire, tan an dwe mansyone ak li.

Valè yon pwopriyete depann de plizyè faktè:

• Nati ouvraj la

• Vi estrikti a

• Kalite antretyen estrikti a

• Enterè bankè ki prelve sou estrikti a

• Kontwòl legal

• Anplasman estrikti a

• Òf ak demand estrikti a nan yon peryòd done

Objektif evalyasyon an

Nou aprann baz valè ak evalyasyon. Men kiyès ki fè evalyasyon yon estrikti? Moun ki fè evalyasyon yon estrikti ou ki dedui valè yon estrikti lè ke lap analize estrikti a nan tout aspè li, li rele evalyatè.

Konesans eleman sa yo:

• estimasyon ak chifraj

• Planifikasyon ak konsepsyon

• Apantaj ak nivo longè

• Règleman konstriksyon

• Kontak ak tip akizisyon teren

• Travay konstriksyon yo

• Ak ibanis

• Jewografi ekonomik

• Sosyoloji

• Matematik komèsyal

Prensip envestisman

• Asirans

• Mache monetè ak to enterè

• Enpozisyon

• Redaksyon rapò

Kondisyon nesesè pou wè valè yon pwodui :

Yon pwodui dwe posede kèk kondisyon pouw kapab gen valè pou tèt li. Men kondisyon yo:

• Negosye : teren ak batiman pa kapab bouje men ou kapab negosye.

• Komèsyalizasyon: Ke pwodui an kapab vann fasil ou achte sou mache a ak tout libère.

• Itil: avantaj, karakteristik itilite estrikti a

• Rate: machandiz kan dwe gen yon kantite limite ou demand estrikti a plis pou genyen yon valè elve.

Objektif evalyasyon ou valorizasyon:

Men objektif valorizasyon yo:

• pou achte oswa Vann yon byen.

• Pou ka ipoteke, lè kew bezwen yon prè kont garanti pwopriyete a.

• Evalyasyon yon byen li egzije lè kew Wap fikse pri lwaye. Jeneralman pou yon lwaye de byen imobilye li varye ant 5% ak 10% valorizasyon byen an li menm.

• Lè ke asirans pwopriyete a dwe pran an kont, si pwopriyetè a bezwen konn valè ranplasman li a.

• Pou evalyasyon fiskal yo byen, evalyasyon li obligatwa. Taks tankou, taks minisipal, taks fonsye, enpo, elatriye. Yo fikse an fonksyon de valè pwopriyete a.

• Pou konpanse yon pwopriyete prive ke gouvènman an pran, pa lwa ak fen piblik.

• Si nan ka kote ke byen an ye an gen yon nouvo plan ibanis. Frè amelyorasyon an siyifi sòm lajan siplemantè kew ap peye pou taks.

• Evalyasyon yon byen dwe fè lè kew dee figire bilan an.

Metòd Evalyasyon pou konstriksyon:

Gen valè pou pwopriyete ak batiman yo. Chak metòd difere lòt metòd e chak metòd itilize pou yon kategori espesifik de pwopriyete tankou pwopriyete rezidansyèl, batiman komèsyal, batiman edikatif,elatriye.

Men diferan metòd pou evalyasyon imèb ak pwopriyete :

• Mòd lokasyon

• Metòd fonsye ak bati

• Metòd devlòpman

• Metòd baze sou pwofi

• Metòd devlòpman

1- Mòd lokasyon

Metòd Evalyasyon lokativ li itilize lè ke ou konnen lwaye imèb la. Nan metòd sa, revni nè lwaye sa byen kalkile lè ke dedui depans lwaye bri. Kouran enterese yo sipoze ak acha ane yo kalkile l. Revni nè lwaye a miltipliye pa acha chak ane yo, sa ki bay yon valè kapitalize kòm rezilta.

2- Metòd fonsye ak bati

Prensip de baz metòd sa se pou kalkile valè machann endividyèl aktyèlman teren an ak valè depresye de estrikti a, adisyone 2 valè yo pouw kapab gen valè final pwopriyete a. Estimasyon yon byen, kalkile konsa:

Valè aktyèl pwopriyete = kou teren + valè depresye pwopiyete a.

Valè depresye pwopiyete a dwe kalkile lèw pran an kont kèk faktè tankou laj batiman an, eta batiman an ak dire estime vi li.

Metòd sa itilize pou pwopriyete tankou, lekòl, pòs polis, ou pwopriyete piblik ki ranpli fonksyon kominotè ki gen bi non likratif kote ke pa gen oken prè revni dirèk.

3- Metòd baze sou pwofi

Metòd ki baze sou pwofi li menm jan ak metòd Evalyasyon lokativ. Benefis nè a detèmine aprè ou fin dedui tout depans yo, ak to enterè envestisman an kapital. Benefis nè ou revni an li miltipliye pa acha ane, sa ki valè kapitalize pwopriyete a. Metòd sa li itilize prensipalman nan evalyasyon magazen, otèl, sinema, elatriye.

4- Metòd devlòpman

Metòd evalyasyon devlòpman li trete pwopriyete ki jeneralman pa devlope. Évaluas tip pwopiyete sa depann de envestisman inisyal efektye pou Achte yon pwopriyete patikilye, kou devlòpman pwopriyete ak benefis kew ap tann aprè yon peryòd.

Metòd evalyasyon devlòpman li itilize pou evalye pwopiyete tankou pasèl, kew dwe devlope ak tout komodite ak enstalasyon.

Metòd evalyasyon devlòpman valorizasyon li baze sou eleman sa yo:

• Devlòpman lotisman ak chema konstriksyon ipotetik.

Faktè ki afekte evalyasyon yon pwopriyete:

• Demand ak òf byen

• Antretyen pwopriyete

• Kounkonstriksyon

• Objektif acha pwopriyete

• Dire vin byen an

• Ogmantasyon popilasyon an

• Anplasman byen an.

Nou pap rate okenn okazyon, pou nou pataje ti konsèy sou konstriksyon avè ou.

Pa bliye renmen paj la, envite yon zanmiw fè sa tou.

Siw twouve piblikasyon sa enstriktif, pataje l ak lòt moun.


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *