Tip vibratè ke nou itilize nan konstriksyon- vibratè pou beton.

Kisa yon vibratè ye?

Vibratè se yon aparèy ke yo itilize pou konpakte beton sou chantye a. Vibratè pou beton yo disponib sou yon laj gam ak dimansyon. Gen kèk vibratè pou beton ki piti e ki efikas ki fonksyone a batri e gen lòt ki pi gwo ki fonksyone ak enèji elektrik.
Nan ka vibrasyon, konpaktaj la pwovoke pa yon rediksyon fwotman entèn ant diferan patikil nan beton an, ki tradui pa yon mas beton ki dans ak kontak.
Nou itilize vibratè nan konstriksyon wout, batiman pou konpakte beton an. Vibratè an konpakte beton ki apèn koule, li elimine lè ak eksè imidite. Objektif se pou fikse beton an nan kofraj la. Li la pou asire konsolidasyon beton an ak evite defo ke l kapab fè. Vibratè sa yo gen yon frekans ant 2 800 a 15 000 tr/min.

Men tip vibratè ke yo itilize nan konstriksyon:

Vibratè entèn:

Vibratè entèn ou vibratè imèsyon nan beton ou egiy ke yo itilize sou chantye konstriksyon.

Li gen yon tib ki fè ak asye avèk yon eleman vibran eksantrik anndan. Vibratè a poker vibran li gen yon tib asye ki relye a yon motè elektrik. Dimansyon poker ranger yo se 40 a 100 mm dyamèt ki detèmine pandan kew pran an kont distans ant ba amati nan kofraj la.
Dimansyon egiy vibratè a li varye ant 25 mm a 90 mm, avèk yon minimòm de 25 mm ak 35 mm ke yo itilize pou koule dal twati.

Pou konpakte mas beton nan estrikti ak poto ak pout, nou dwe itilize vibratè ki gen yon egiy ki varye ant 40 mm ak 60 mm.

Lè ke se semèl solid pou divèsite estrikti pon, nou dwe itilize yon vibratè avèk yon egiy 75 mm ak 90 mm pou konpakte mas beton an, poul kapab kenbe vid ak evite ni de salte.

Vibrasyon pou vibratè yo gen yon frekans ki ale jiska 15 000 tr/min. Sepandan li toujou konseye 3 000 a 6 000 tr/min minimòm.

Vibratè ekstèn ou vibratè ak fòm obiratè:

Li gen yon plak de baz. Li itilize pou konpakte sifas beton prefabrike ki apèn koule. Li gen yon motè endiksyon trifaze kap alimante li.
Li fèmen konplètman, li fyab e fasil pou itilize, li gen yon kòdon alimantasyon ki gen 4 kab ki kouvri ak kawotchou. Li gen yon motè ki gen yon estrikti leje.

Tout depan de modèl konstriksyon an, machin nan fikse nan kofraj la swa orizontal ou vètikal ak yon espasman 90 cm nan tou 2 sans yo.

Vibratè sifas:

Vibraisifas yo fikse de manyè pèmanan nan mas beton an. Pandan pwosesis kriblaj la, li vibre beton an lwen sifas la. Lè ke li itilize konjwentman ak beton an ki gen fèb rapò dlo/siman, se yon bon chwa ou konpakte eleman ki pa pwofon yo.

Pou yon pwofondè ki siperyè a 250 mm de beton, nou pa dwe itilizel. Avèk èd machin sa, menm melanj sèk yo kapab konpakte byen. Vibratè pou sifas yo gen yon plato ak chap vibran.

Li itilize pou konpakte ti dal, pou repare e fikse sifas orizontal tankou dal chose yo. Li tounen a yon frekans 4000 tr/min.

Tab vibran:

Menm si ke kofraj la sere sou vibrè a, prensip vibrasyon beton ak kofraj la li pa chanje.

Yon pwa eksantrik a wotasyon rapid, an jeneral li fè yon mouvman sikilè, tan lan vibre. Sistèm lan gen 2 pati kap tounen nan sans opoze.

Tab la soumèt ak 2 konpozan orizontal de vibrasyon ki kapab netralize. Se nan direksyon vètikal lan ke mouvman ki gen yon senp amoni. Men li gen kèk pwen pozitif ki piti. Tab vibran an li alimante pa yon elektrik-eman ki alimante pa yon kouran altènatif. Li atenn yon frekans ki ant 1 500 ak 7 000 tr/min.

Yon tab ak anplitid varye dwe itilize pou vibre beton ki gen seksyon diferan dyamèt ou vibrasyon a fen laboratwa avèk frekans varyab se yon bonis.

N.B: Yon tab vibran se mwayen ki bon e ki efikas pou konpakte beton prefabrike. Nou gen enterè pou nou prevwa tab vibran ki gen kòmand elektrik ou nematik li patikilyèman ki enteresan pou tavay prefabrike yo.


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *