Wòl Topograf nan konstriksyon Batiman

Nan yon chantye konstriksyon gen plizyè espesyalis ki travay ladan l. Nan tout espesyalis sa yo ki travay depi ouvèti chantye e jis li fini tankou topograf la. Nan atik sa, nou pral prezante nou wòl yon topograf nan yon chantye.
Yon topograf se yon espesyalis nan mezire teren. Prezans li endispansab nan gwo chantye yo. Lèw fè apèl a yon topograf sou chantye ou se konsilte yon espesyalis nan domèn lan. Li entèveni avan chantye a kòmanse, pandan chantye an ap kontinye travay e nan fen chantye a.
Avan chantye a demare, Topograf la gen pou wòl pou l pran relve metrik yo, pou l kapab konnen limit teren pou l eksplwate a. Li pèmèt ou defini baraj ak limit teren kote kew pral konstwi a. Etap sa li kapab fè nan biwo nan yon premye tan aprè sou teren an.
Nan biwo a, Topograf lan kapab sèvi ak avèk kat detaye, plan kadastral ak tout lòt tip plan ki egziste pou idantifye teren kew pral fè kontriksyon an. Lè l fin fè travay sa, li kapab ale sou teren an pou l kapab fè yon rekonesans reyèl ak mezi kat yo.
Pandan chantye a, Topograf la reyalize faz enplantasyon a. Li la pou l kapab repòte de manyè fizik sou teren an tout mezi ki sou kat, plan yo avan. Nan ka sa, Topograf la suiv chantye a e asire li ke tout mezi yo respekte. Li pèmèt ak ekip kap konstwi a pou pa depase limit teren an pou yo pa antre nan pwopriyete lòt moun.
Nan livrezon chantye a, Topograf la reyalize faz rekòlman an. Li asire ke konstrisksyon ke nou reyalize a ou chantye ke nap remèt la ke se yon kopi konfòm de pwojè ke nou te gen depi nan kòmansman an. Konpare sa nou fè a , ak sa ke nou te prevwa a. Topograf la entèveni sou lon tèm sa ke nou kapab rele oskiladyon an. Oskilasyon an vle di ke Topograf la ap obsève avansman konstriksyon an, nan mouvman epi note defòmasyon ke l kapab sibi.

Topograf la prezan avan ak pandan lontan aprè livrezon konstriksyon an.

Pou reyalize yon relve metrik, Topograf la sèvi ak plizyè aparèy ak zouti ki vin pi modèn nan jou sa yo. Pou Topograf yo pran mezi sou teren, Topograf la sèvi ak yon estasyon konplè ki fasilite travay yo. Yo pran mezi ki enkli ang ak distans yo de yon pwen a yon lòt sou teren an. Fòk nou presize ke kounye a zouti Topograf yo ap robotize.

Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *