TEKNIK AK METÒD POU AMELYORE SÒL

KISA KI AMELYORASYON SÒL?

Amelyorasyon sòl se yon metòd ou yon teknik itilize pou amelyore yon sòl ki gen move eta. Gen anpil teknik jewoteknik ke yo itilize pou reamenaje yon sòl pou kapab amelyore karaktersitik li. Amelyorasyon sòl la, li la pou l kapab reponn ak egzijans tip estrikti ki dwe konstwi sou teren an.

POUKISA AMELYORASYON SÒL LA NESESÈ ?

  • Amelyorasyon sòl la fè pou plizyè rezon:
  • 1. Pou amelyore kapasite pòtant sòl la.
  • 2. Pou ogmante dansite sòl la.
  • 3. Pou kontwole tasman ak pèmeyabilite
  • 4. Pou redui likefaksyon sòl la.

KI AVANTAJ AMELYORASYON SÒL LA?

Metòd amelyorasyon sòl yo valorize menm jan ak sòl fèb ke sòl ki enpwòp ak kontamine yo. Amelyorasyon sòl la gen anpil avantaj, tankou:

  • 1. Ou fè mwens tan pouw reyalize konsepsyon ak fè ouvraj la.
  • 2. Lè kew amelyore sòl la, pa gen oken dechè. Pa gen depans pou elimine ni angaje.
  • 3. Konsepsyon konstriksyon an fasil sou estrikti a.
  • 4. Amelyorasyon sòl la aplikab e efikas sou tout tip sòl.

GEN DIFERAN TIP TEKNIK AMELYORASYON SÒL

Metòd amelyorasyon sòl la klase an fonksyon de tip sòl la:

Pou yon sòl kowezif:

  • 1. Prekonpresyon
  • 2. Dren sab
  • 3. Dren mèch
  • 4. Kolòn an wòch

Pou yon sòl san ki pa kowezif

  • 1. Vibwoflotasyon
  • 2. Sonde tè a
  • 3. Pye konpaktaj

TEKNIK JENERAL AMELYORASYON POU SÒL:

  • 1. Lève à plasma sòl la
  • 2. Melanj pwofon sòl la
  • 3. Jwentwaman Techniques générales d’amélioration des sols

METÒD AMELYORASYON POU SÒL KOWEZIF YO:

1. Prekonpresyon: se yon Metòd amelyorasyon itilize pou sòl tankou ajil ak limon. Nou rele l tou prechaj ou sichaj.Metòd sa li de Dye a konstriksyon kouvri ak yon sichaj. Li ranpli ak yon wotè apwopriye pou pwovoke konpresyon minerè ki nan sou sòl la.
Li rete sou sòl la pandan anpil tan pou konsilidd sòl la Anba. Wotè sifas lan varye jeneralman ant 3m a 10m. Sichaj la yo retirel avan konstrisyon estrikti a demare. Metòd sa ekonomik men li retade konstriksyon an.
2. Dren ak sab : li itilize pou amelyore pwopriyete sòl la ak sòl kowezif tankou ajil ak limon. Dren sab la se kolòn sab konstwi a yon pwofondè selon estrikti a. Kolòn sa yo itilize pou asire rezistans ak ranfòsman sòl ki gen feblès yo. Dren sab yo itilize prensipalman pou sòl fondasyon ak ogmantasyon tan tasman an pou yo kapab kontwole tasman pandan konstriksyon an. Dren sab la se yon metòd ki chè anpil.
3. Dren ak mèch: dren ak mèch la li itilize tankou dren ak sab, konstriksyon dren ak sab la koute anpil. Enjenyè jewoteknisyen yo devlope pa twò lontan dren ak mèch la.
Dren ak mèch la se yon dren ki prefabrike li gen yon riban plastik ki won ki kouvri ak yon manbran jewosentetik. Yo mete yon dred tèt anlè dren mèche la, pou retire dlo. Dren mèch se yo dren ki gen fòm band ki gen yon lajè 100mm e ki gen yon epesè 5 mm.
Dren mèche la prèske ranplase dren sab la koz li se yon metòd ki koute mwens. Dren mèch la li ensere nan sòl la a lèd yon tib. Depi dren ak mèch la Andre nan sòl la, tib esè yo ap soti pwogresivman, yap kite dren mèch la nan sòl la. Pa gen kontan ke gen kèk machin yo fè pou fasilite enstalasyon dren yo.
4. Kolòn an wòch: ajil ki moi to kapab trete a lèd kolòn an wòch, tankou metòd amelyorasyon sòl. Kolòn an wòch yo konstwi pandan ke ou fè yon twou jis nan pwofondè ou swete a, ou ranpli sòl la ak gravye ou ti wòch.
Dimansyon wòch yo kapab varye ant 6mm a 40 mm. Twou pou kolòn an wòch yo fouye ak yon ekipman ki rele vibwoflo. Li gen yon tib long ki gen 2m jiska 3 m longè ak 200mm a 500mm dyamèt lajè. Li ranpli ak wòch depi anwo pou rive anba. Gen yon mas kap fè vibwoflo vire pou fouye sòl la. Lè l fini, twou a ap ranpli ak wòch ou gravye. Dyamèt kolòn wòch la varye ant 0.5m a 0.7m ak espasman nan de kolòn adjasant yo ant 1.5m a 3m.

METÒD AMELYORASYON SÒL POU SÒL KI PA GEN KOWEZYON:

1. Vibwoflotasyon/vibwokonpaktaj: se yon ekipman ki an fòm silend ki gen yon vibratè e ki gen wòch ladan l nan pati siperyè ak enferyè tib la. Metòd sa yo itilize pou konpakte sòl mène yo. Li la pou redui tasman diferansyèl. Vibwoflot li anfonse nan sòl lan a lèd de yon jè dlo ak lè, jiskaske l jwenn sòl fèb la. Depi ekipman an jwenn sòl fèb la, jè dlo ak lè a ap kanpe, a koz vibrasyon ekipman, sòl la konpakte, Li mete deyò lè ak dlò siplemantè ki ranpli vid yo.

Vibwoflo a yo retire pa palye 12 plus pwogresivman. Yap fè ranbleyaj pandan ke yap retire vibwoflo a.

NB: vibwoflotasyon an efikas jiska 20m pwofondè. Dansote rekiz li atenn jiska 70% ka yo.

2. Sonde tè a: se yon tiyo ekstremite li ouvri a 75cm dyamèt, li gen yon pye nan pati enferyè li. Li penetre sòl a lèd de yon kondiktè pye vibran anndan sond tè a. Depi li atenn pwofondè swete a, lap soti lantman pandan motè vibwatwa ap kontinye fonksyone. Sòl la ap dansifye otou sond lan. Pwosedi sa repare plizyè andwa a anviwon 1,5m. Ou kapab itilize li jiska 20m. Se yon teknik amelyorasyon ideyal pou konpakte depo sab satire.
3. Pye konpaktaj: sòl san kowezyon yo kapab trete a lèd pye konpaktaj. Pou fè yon pye konpaktaj, gen yon tiyo nan ekstremite fèmen ki anfonse nan sòl la ki relativman fèb. Lè tiyo a rantre nan sòl lan li konpakte pa vibrasyon. Aprè yo retire tiyo a nan trou a ki ranpli sab. Reyon enfliyans li kapab ale jiska 3 a 4 fwa dyamèt pye a.

METÒD JENERAL AMELYORASYON SÒL:

1. Retire ranplasman sòl lè ke epesè kouch tè ki fèb la, li posib pouw retire tè fèb la ou ranplase l pa youn ki gen bon kalite. Metòd sa senp e li ekonomik.

Yon sòl ki gen bon kalite dwe disponib pa lwen kote terenw lan ye, pou evite frè transpò initil. Pou fouye ak ranbleye sòl la, nou sipoze itilize ekipman terasman .

2. Amelyorasyon pwofon sòl lan kapab fè pandan kew melanje siman ak lacho anndan sòl la. Pou metòd sa nou dwe itilize materyèl kifè pou sa.

3. Enjeksyon: metòd sa efikas pou sab, limon ak wòch. Gen 2 tip kouli, youn ak siman youn chimik. Ou metel a lèd de yon enjektè ou yon ekipman adapte nan prezans sòl frajil. Kouli siman an mwen chè . Kouli chimik lan li itilize kote ke kouli siman an pa efikas tankou nan depo sab fen ou limon.

Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *