JWEN – WÒL JWEN – DIFERAN TIP JWEN

Kisa ki yon jwen?

Yon jwen se yon pati vid ki eziste nan yon konstriksyon, ki reyalize nan yon ouvraj pou divizel an plizyè pati, kote ke chak pati sa yo kapab deplase ou defòme libreman. Ki evite aparisyon fisi ak konsekans yo, tankou : enfiltrasyon dlo ,chit rezistans , enstabilite

Gen diferan tip de jwen :

  • Jwen dilatasyon
  • ✓ Jwen retre
  • ✓ Jwen ripti
  • ✓ Jwen konstriksyon

Ki wòl yon jwen?

Chak tip jwen yo ranpli yon fonksyon diferan, yo kapab jwe menm 5 wòl nan yon konstriksyon. Pandan ke yap asire solidite ak dirabilite batiman an. Beton an se yon materyo ki dilate e retrakte an fonksyon de varyasyon klimatik. Modilasyon konpòtmantal sa yo nan estrikti an kapab anjandre fisi. Fenomen retre ki nan beton an kapab nui estabilite konstriksyon an. Jwen an pemet ou kite yon kite yon espas pou dilatasyon ak retraksyon beton an, pouw pa fe presyon e andomaje estrikti a.
 Jwen yo edew prevni tasman diferansyèl nan fondasyon yo. Jwen an edew limite enpak vibrasyon ki lye ak sikilasyon machine ak anjen lou. Vibrasyon say o konn pwovoe des microfissures ki pral frajilize estrikti batiman an avan lè. Yon jwen evite apraisyon fisi a konsekans yo.Van an kapab egzèse gwo presyon sou batiman an, stou si li wo. Jwen yo pèmèt ou atenye defomasyon ki dekoule de presyon sa yo.
Jwen dilatasyon : Beton an se yon materyo ki reyaji suivan varyasyon tanperati a, le chalè li dilate, le fè fwèt li retrakte. Jwen dilatasyon an ap bay beton an libète de mouvman natirèl, san ke batiman an pa riske andomaje. Gras a ak jwen dilatasyon an, plizyè pati nan batiman an kapab fe mouvman endepandaman de lòt.
Jwen retrè : Li fasilite retre beton, sa ki pèmèt ou kontrole anplasman efe de yon potansyèl fenomèn de fisirasyon sou batiman an.
Jwen ripti : Jwen ripti a li menm li la poul divize fondasyon pou evite risk ki lye ak tasman diferansyèl yo. Yon risk tasman diferansyèl li anvizajab le ke ouvraj la konstitiye de estrikti ki en pwa diferan ou yon lot konstriksyon ki kole ak premye a.
Jwen konstriksyon : lè ke ou gen yon dire pwolonje de betonaj nan yon chantye de konstriksyon, ou fè jwen de konstriksyon sou dal beton yo. Tou depan tay dal beton e itilizasyon kew pral fè nan fiti , li posib pouw kapab mete nan jwen konstriksyon an goujons. Ba fè sa yo ap konsolide estrikti a, pandan ke yap repran efò de sizayman yo pandan ke yap pèmèt mouvaman orizontal yo fè.

Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *