KÈK SIY DOMAJ KE FONDASYON AN KOZE KE NOU INYORE

Chaj estriktirèl batiman an depann de solidite fondasyon an. Fondasyon an pote eleman prensipal yo tankou :twati, poto ,pout …ak eleman segondè yo .Li nesesè pou nou fè fondasyon an solid. Domaj fondasyon an kapab poze gwo pwoblèm nan batiman an. Fondasyon an soumèt li ak kontrent ke l jwenn nan anviwonman an, tankou drenaj ki pa apwopriye se youn nan rezon ke nou plis jwenn nan fondasyon batiman an, kontraksyon sòl la, eksè imidite.

Toutotan ke tan an pase, fondasyon an ap deplase,fisi ou tasman koze pa anviwonman an. Si ke nou inyore siy sa yo, ap gen gwo domaj nan tan kap vini.

Men kèk siy domaj fondasyon an :

  • 1- Imidite nan sousòl la/ vid sanitè
  • Yon sousòl imid oubyen yon vid sanitè kapab mennen anpil pwoblèm tankou vye odè, limon, sòl ki ap glise e ki pa egal nan tout batiman an.
  • Tout fisi nan sousòl la se yon pasaj fasil pou imidite antre ki kapab mennen gwo dega.
  • 2- Ensèk ki nan sousòl la
  • Yon sòl imid atire milpat , foumi chapantye, kafa, pès zòrèy , e yo rantre nan fisi ki gen nan fondasyon an.
  • 3- Sòl iregilye e afese
  • Planche ki inegal ou afese yo kapab yon pwoblèm grav pou fondasyon an. Li kapab fè sòl la deplase.
  • 4- Mi fisire ak koube
  • Mi fisire yo koze a koz mouvman sòl anba fondasyon an, presyon idwostatik ak move drenaj. Gen 2 tip fisi nou dwe konnen pou nou kapab detèmine gravite domaj yo. Fisi orizontal plis konsène ke fisi vèrikal yo. Fisi orizontal yo fè nou konnen ke batiman an soumèt ak yon gwo presyon.
  • 5- Pòt defòme ou kwochi

Lè fondasyon an deplase ou gen fisi ladan l ou nan twati a, pòt la vin defòme. Si gen imidite nan sousòl la ak vid sanitè.

Ou kapab wè siy sa yo nan kote siperyè goch pòt la, anwo nan pati siperyè dwat pòt la. Lè kew gen yon pòt ki kwense, kew paka fèmenl ak fasilite se imidite nan sousòl la ki koz sa. Jeneralman li fè sa aprè 2-3 jou lè lapli tonbe fò anpil ou lè gen inondasyon.

6- Lè dlo Chita sou kay la

Li nesesè pou nou gen yon sistèm apwopriye pou detounen dlo lapli nan batiman an pa yon goutyè, mete tiyo nou desann yo e nou mennen yo nan sistèm drenaj la. Si pa gen yon sistèm drenaj apwopriye dlo an ap rete sou batiman an lap domaje fondasyon an.

7- Pyebwa bò fondasyon an

Li la rekòmande pou nou plante pyebwa bò fondasyon yo koz rasin yo ka pouse bò fondasyon e li kapab pwovoke fisi nan estrikti a.

8- Separasyon kad, pòt ak fenèt estrikti a

Separasyon kad pòt ak fenèt nan estrikti a, se yon siy ke fondasyon an li gen pwoblèm.

Pwoteksyon sousòl la dwe yon priyorite.


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *