KONTWÒL KALITE BETON AVAN KONSTRIKSYON- ASIRANS KALITE BETON

KISA KI KONTWÒL KALITE BETON?

Beton se yon materyo ki enpòtan e ke yo plis itilize nan konstriksyon. Beton an konpoze de siman, sab, granila, adjivan ak dlo. Tout matyè sa yo dwe melanje ak yon sèten pwopòsyon pou fè beton an. Beton an itilize anpil nan konstriksyon eleman sa yo: poto, pout, mi, lento, dal, fondasyon, elatriye…

Beton an prepare kòm materyo, li dwe kenbe yon sèten nivo nòm ak kalite pou nou kapab itilize pou konstriksyon plizyè eleman.

Kalite beton an dwe verifye, li dwe korije si nivo nòm ak kalite pa koresponn ak nivo kalite ki rekòmande a. Si kalite beton an enferyè, kapab genyen efè negatif sou konstriksyon an.

Kalite beton an dwe kontwole an 3 etap diferan nan konstriksyon an:

  • 1- Kontwòl kalite beton avan betonaj.
  • 2- Kontwòl kalite beton pandan betonaj.
  • 3- Kontwòl kalite beton an aprè betonaj ( ou aprè konstriksyon yon eleman).

KONTWÒL KALITE BETON AVAN BETONAJ

Avan menm ke beton an prepare nou dwe verifye kalite matyè premyè yo, nap melanje yo nan pwopòsyon endike pou fè beton an. Kalite matyè premyè yo lye an kalite beton an.

Kontwòl kalite nan etap sa fè an 2 etap:

  • 1- Teste kalite materyo ke nap itilize nan beton an.
  • 2- Plizyè Esè sou beton fre a pou kontwole kalite a.

Teste kalite materyo nan beton an:

Beton an konpoze de siman, sab, granila ak dlo.

SIMAN

Kalite siman an jeneralman yo fè tès rezistans a konpresyon sou iman an. Gen kèk pwen enpòtan ke nou dwe pran an kont pou kontwole kalite siman an, avan beton an:

  • 1- Siman an dwe teste avan nou fè melanj lan.
  • 2- Siman an dwe konsève a labri imidite.
  • 3- Siman an dwe reteste chak 3 mwa si li stoke pandan yon peryòd long.
  • 4- Si gen gwo moso siman nan sak la, nou pa dwe asepte l. Agrega (fen ak gwo). Agrega yo gen pwopriyete diferan fòm, tay, kalite, absòsyon dlo, dirabilite, dansite, elatriye…

Tout pwopriyete yo dwe verifye pou echantiyon agrega ki pral itilize pandan preparasyon beton an. Anplis, tout eleman etranje dwe elimine avan beton an melanje.

KÈK PWEN KE NOU DWE KENBE LÈ NAP VERIFYE GWO GRANILA YO:

  • 1- Gwo granila yo gen yon sifas rigez yo preferab ke granila lis pou yo pi bon aderans.
  • 2- Konsepsyon melanj beton an pa dwe fifere konsepsyon ki endike nan espesifikasyon.
  • 3- Engredyen ki nan beton yo dwe byen melanje.
  • 4- Pou kapab gen yon bon melanj, li rekòmande fò l vire plizyè fwa nan malaksè a.
  • 5- Veye pou pa gen segregasyon.
  • 6- Nou dwe fè yon tès afesman aprè chak 35 mèt kib betonaj la fè, pou asire manyabilite beton an.
  • 7- wotè chit beton an pa dwe depase 1m, pou evitr segregasyon.
  • 8- Lè beton an koule, li dwe gen yon vibrasyon apwopriye pou ke vid yo elimine nan beton an.

KONTWÒL KALITE BETON AN APRÈ BETONAJ:

Depi beton an di, kalite beton an dwe teste nan fason sa yo:

  • 1- Fè tès chimik ak analiz sou beton an.
  • 2- Teste rezistans beton an.
  • 3-Fè yon esè non destriktif sou estrikti beton an.

Estrikti beton an teste pou dimansyon ak fòm li. Anplis, nou dwe efektye yon verifikasyon sou kouvèti transparan. Si, nan kèk pati, asye yo visib, pati sa nan estrikti a nap rejte li.


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *