SEGREGASYON – FAKTÈ – PREVANSYON

Segregasyon beton tradui pa yon separasyon gwo granila yo ak pat simantè a pa yon mouvman relatif ant yo menm. Gwo granila yo gen tandans ale anba sou efè de pwòp pwa yo e pi piti yo monte. Sa vin bay rezilta eterojeneyite volim beton an. Vitès segregasyon an depann de dimansyon granila ak diferans mas volimik ant pat simantè ak granila yo.

Fenomèn sa kapab gen gwo konsekans sou pwopriyete beton ak kalite estetik paman yo. Varyasyon omojèn ant zòn kote agrega yo akimile ak kote ki rich ak eleman fen yo tradui eterojeneyite pwopriyete mekanik yo kapab mennen a fisirasyon.

Faktè ki agrave l:

  • Eksè dlo nan beton an favorize segregasyon.
  • Yon vibrasyon mal adapte ak jewometri ouvraj tankou eksè vibrasyon jenere yon risk segregasyon.

Prevansyon

Pou lite kont segregasyon fòw:

  • Optimize fòmilasyon beton an.
  • Dozaj sifizan an siman fen.
  • Metrize kantite dlo gachaj la.
  • Mentni ajitasyon beton an pandan transpò.
  • Granilometri kontini.
  • Itilize adisyon mineral.
  • Evite wotè chit enpòtan.
  • Vibre beton an kòrèkteman.

Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *