DEKÒLMAN BETON – KOZ – REPARASYON

Dekòlman se yon fenomèn kote kèk pati nan beton an ap detache de estrikti a kap ekspoze ba asye ki nan beton an nan atmosfè a.

Dekòlman an li koze a koz de rayaksyon chimik ki nan beton an, ki antrene fòmasyon de pwodui etranje a yon gwo volim. Pa mank espas anndan beton an, nouvo pwodui yo ogmate presyon entèn lan.

Fisi yo fòme pou libere presyon yo deyò. Fisi sa yo, yo ouvri pasaj a yon reyaksyon siplemantè nan atmosfè a ak anviwonman anndan beton ak ogmante potansyèl risk defayans. Fisi yo pwopaje plis e fè beton an tonbe. Pwodui etranje ki fòme yo se koz prensipal pwoblèm lan.

Men pwoblèm ki koz nouvo pwodui yo fòme an rezon kondisyon sa yo:

  • 1- korozyon
  • 2- Rayaksyon agrega yo
  • 3- Atak chimik
  • 4- Polisyon
  • 1- Corrosion

Pyebwa kap grandi kapab koze yon ekspozisyon ak tanperati ki wi, prensipalman an ka ensandi.

Men efè dekòlman beton:

  • 1- Debri beton yo kapab blese moun, andomaje objè ki anba yo.
  • 2- Asye beton an ekspoze ak anviwonman ki ogmante vilnerabilite pou l rouye. Lè asye a rouye li antrene ripti asye a li ka menm deklanche efondreman estrikti a.
  • 3- Dekòlman beton an redui rezistans sifas chaj la. Li redui moman a, chaj ak sizayman ki pote kapasite estrikti a.
  • 4- Si kowozyon (wouy) nan asye a pa trete kòrèkteman lap kontinye pwopaje e sa ap ogmante kou pou fè reparasyon ladan l.
  • 5- Dekòlman beton an altere aspè estetik batiman an, li diminye valè batiman an.

KOZ KONKRÈ DEKÒLMAN BETON AK KÒMAN NOU KAPAB EVITE L:

1. Kouvèti ki pa adapte

Yon kouvèti ki pa adapte ogmante vilnerabilite asye a anviwonman an. Nenpòt ti fisi sou sifas la ekspoze ranfò a. Lè asye an kontak avèk dlo ak lè a, li wouye. Pwodui ki wouye yo gen yon volim ki wo pa rapò ak asye , li pwovoke yon presyon entèn ki leve e ki pwovoke dekòlman.

Solisyon: Yon konsepsyon estriktirèl ki apwopriye, yon sipèvizyon apwopriye ak yon manipilasyion pridan de materyo ke nap itilize yo.

2- Sik dejèl

Nan rejyon ki fè fwèt yo, dlo an enfiltre li transfòme an glas kote ke volim lan li siperyè ak pa dlo a.

Solisyon: Ogmantasyon volim lan kapab jere pandan kew kreye yon pòch lè atifisyèl anndan beton an a lèd ahan antrenè lè.

3- Reyaks global alkali

Lè alkali siman an reyaji avèk silis granila nan prezan dlo, li fòme jèl alkali-silks, li gen plis volim ke pwodui idratasyon konvansyonèl yo.

Solisyon: Reyaksyon agrega alkalen yo pap fè si pa gen youn nan twa eleman sa yo- dlo, alkali ou silis pa prezan. Pa konsekan, reyaksyon an kapab redui tenè an alkali nan siman ou pandan kew ap itilize agrega sentetik san silis.

4- Ak kisa dekòlman beton an sanble?

Dekòlman beton an kapab sanble ak depresyon ki gen fòm won ou oval sou sifas la ou nan jwen yo.

5- KÒMAN NOU KAPAB PREVNI DEKÒLMAN BETON AN?

Men etap pou evite dekòlman beton an:

1. Mete yon kouvèti ki adapte pou ranfòseman.

2. Itilize yon adjivan antrenè lè nan melanj beton an pou lite kont sik jèl la.

3. Itilize granila san silis.

4. Ogmante sekirite ensandi batiman an pou redui domaj ke dife an kapab koze.

5. Adopte yon dozaj (melanj) beton kòrèk pa rapò ak konsepsyon an.

6. Itilize vibratè pou konpakte beton an.

7. Itilize siman ki kapab reziste ak silfat nan melanj lan.

8. Itilize penti pou evite asye yo wouye.

9. Fè finisyon lis sou sifas beton an.

10. Asire nou ke beton an sèch kòrèkteman.

11. Fè finisyon ki lis e itilize penti idwofij sou sifas beton an.

6- KÒMAN NOU KAPAB REPARE DEKÒLMAN BETON AN?

Netwaye zòn ki afekte a ak asye yo, itilize penti antiwouy sou asye yo, korije zòn dekòlman an avèk yon melanj beton. Fè yon finisyon lis ki apwopriye ak itilize yon penti idwofij sou sifas la.

7- KI DIRE VI BETON AN?

30 a 100 lane.

8- KÒMAN NOU KAPAB RÉPARE YON PALFON OU YON MI KI AP DEKOLE?

Men etap pou nou suiv, pou nou kapab repare yon plafon an beton ki ak dekole:

1. Retire pati ki kòmanse ap dekole yo

2. Netwaye ba asye yo a lèd de yon bwòs metalik pou retire epitaph asye yo.

3. Netwaye sifas ki ekspoze a lèd lè konprime.

4. Mete penti antiwouy sou asye ranfò yo.

5. Ranpli zòn ki afekte a ak beton nòmal.

6. Tèmine sifas ki repare a krepisak ak anduisaj.

7. Aplike yon kouch penti idwofij sou sifas la.


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *