Kòman ou kapab verifye kalite siman

Siman se youn nan materyo konstrisyon ki enpòtan ke yo itilize nan konstriksyon. Rezistans yon estrikti depann de plizyè faktè, kalite siman an fè pati de sa.

Pouw kapab genyen rezistans kew swete de beton e ogmante lonjevite estrikti a, nou dwe toujou itilize yon siman ki gen bon kalite. Li enpòtan pou nou verifye kalite siman an, avan ke nou itilize li. Gen diferan tès kew kapab fè sou yon siman, pouw kapab verifye kalite li.

Men diferan tès ke nou kapab fè sou siman:

1- Dat yo metel nan sak la:

Se tès siman ki pi fasil ke nou dwe konnen. Rezistans siman an diminye avèk tan an. Nou dwe verifye dat ke yo mete l nan sak la avan ke nou itilize li. Jeneralman siman an dwe itilize 90 jou a konte de dat ke yo mete l nan sak la. Si dat yo mete l nan sak la depase 12 mwa, nou pa dwe itilize l. Ann verifye pousantaj rezistans ke siman an pèdi.

Lè siman an gen 3 mwa, li pèdi 20 a 30% nan rezistans li.

Lè siman an gen 6 mwa, li pèdi 30 a 40% nan rezistans li.

Lè siman an gen 12 mwa, li pèdi 40 a 50% nan rezistans li.

2- Koulè siman an:

Siman an dwe gen yon koulè ki inifòm.

Yon siman ki gen bon kalite dwe gen yon koulè ki gri ak yon ten vè.

3- Verifye si l pa fè boul

Okenn boul pa fòme si ke siman an pa absòbe imidite ki nan klima a.

4- Esè fwotman:

Siman an dwe lis lèw fwote dwèt ou ladan l. Sil baw sansasyon kel gen ti grenn ladanl, sa vle di kel melanje ak sab.

5- Esè tanperati:

Lèw mete menw nan sak siman an, li dwe bay yon sansayon frechè si kalite li bon. Si se pa sa ou kapa santi menw cho a koz de reyaksyon idratasyon.

6- Tès flotè:

Pran yon kantite siman, mete l nan dlo. Siman an dwe flote avan ke l koule nan dlo a.

7- Esè reglaj:

Fè yon pat ak siman an byen epè avèk dlo e plonje l nan dlo a pandan 24h. Pat la dwe fikse e l pa dwe gen fisi ladanl.

8- Tès blòk:

Prepare yon blòk siman 25mm*25mm e 200 mm longè. Plonje l nan dlo pandan 7 jou. Aprèsa mete l sou plizyè sipò ki espase 15 cm, mete yon chaj ki pèse 34 kg. Si se yon bon siman li pap montre ankenn siy feblès.


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *