RESIYAJ – KOZ – PREKOSYON

Kisa ki resiyaj?

Resiyaj, se lè ke dlo a gen tandans remonte sifas , lè beton an apèn koule. Beton an gen tandans pou l tase pa gravite e chase dlo eksedantè ki remonte sou sifas la.

Resiyaj la manifeste ak aparisyon dlo klè sou sifas siperyè beton ki fenk koule aprè kew fin mete l an plas, jis lè beton an kòmanse fè priz.

Vitès aparisyon dlo an sou sifas la depann de vitès dlo a nan eskelèt granilè a.

Beton ki nan eta fre gen dlo an eksè pa rapò ak vid eskelèt granilè a e kantite nesesè pou idratasyon siman an, poul kapab ofri yon ouvrabilite kap sifi pou ranpli kofraj yo kòrèkteman.

Mouvman dlo a nan beton an kapab degrade aderans ant pat simantè ak granila yo, sa ki kapab diminye rezistans an konpresyon beton an. Li kapab destabilize entèfas ant asye ak beton an e li kapab pètibe fonskyonman beton ame a.

Koz resiyaj nan an:

  • 1- Lè vibrasyon an mal reyalize, si egiy vibran yo an kontak ak asye yo, vibrasyon an ap dezòganize eskelèt granilè nan vwazinaj asye a e lap jenere fisi.
  • 2- Lè beton an doze ak mank eleman fen ak siman.
  • 3- Li retade finisyon sifas konstriksyon an.
  • 4- Lè li gen yon kantite dlo depase.
  • 5- Tanperati ki ba, tan priz lan, retadatè priz.

Nan ka kote ke ouvraj la gen epesè diferan, diferans tasman an lye ak resiyaj nan zòn kote ke epesè yo diferan epi yap jenere sizayman, sous fisi.

Kòman nou kapab redui resiyaj nan beton an?

Resiyaj nan beton an kapab redui lè nou pran prekosyon sa yo:

  • 1- Optimize fòmilasyon beton an: dozaj siman, dozaj eleman fen, metrize kantite dlo.
  • 2- Beton an dwe vibre kòrèkteman.

Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *