ETRIYE – DIFERAN FÒM ETRIYE – WÒL ETRIYE

Kisa yon etriye ye?

Yon etriye se yon bouk ki fèmen ak ba asye nan yon beton ame ki kenbe ansanm ba asye prensipal yo. Etriye yo kapab gen diferan fòn tou depan de konsepsyon ak fòm eleman estriktirèl yo.

Ki wòl etriye yo jwe?

  • 1. Li amelyore rezistans konpresyon poto yo.
  • 2. Li evite ripti ki kapab pwovoke pa sizayman lè pout la fisire.
  • 3. Li ogmante dikitilite poto a.
  • 4. Li anpeche ba asye nan poto yo flechi.
  • 5. Li bloke mouvman pandan koulaj beton an.
  • 6. Etriye yo itilize nan poto ak nan pout yo pou menm objektif.
  • 7. Li gen yon bon rezistans a sizayman ak tòzyon.
  • 8. Li kenbe beton an nan mitan li rann li pi e pi rezistan.
  • 9. Li anpeche ba asye yo kwochi.
  • 10. Li kenbe ba asye yo nan plas yo.

Gen diferan tip etriye selon fòm konsepsyon eleman estriktirèl yo:

  • 1. Rektangilè
  • 2. Kare
  • 3. Won
  • 4. Triyangilè
  • 5. Espiral

Tip etriye selon nati konstrisyon an:

  • 1. Etriye a yon pat( etriye ouvri)
  • 2. Etriye 4 pat (fèmen)
  • 3. Etriye 2 pat ( fèmen), se etriye ke yo plis itilize nan konstriksyon.
  • 4. Etriye 4 pat ( etriye fèmen)
  • 5. Etriye 6 pat

Sa nou dwe konnen: Si nou pa founi espesifikasyon apwopriye pou etriye yo, espas nan batiman konstriksyon an kap efondre, konseptè a dwe espesifye espasman etriye estrikti a.


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *