ESKALYE -DIFERAN TIP ESKALYE

Yon eskalye se yon ansanm mach Ki ap mennenw de yon etaj a yon lòt, an tan ke enstalasyon ke yo prevwa pou transpò vètikal ki pote non eskalye. Eskalye yo la pouw pèmèt ou monte ak desann ant etaj nan yon batiman.

Gen diferan tip eskalye ke yo itilize nan batiman,tankou:

  •  Eskalye dwa
  •   Eskalye an janm chyen
  •   Eskalye sikilè, elatriye…

 Eskalye yo kapab konstwi ak plizyè tip materyo, tankou:

  •   Bwa
  •   Beton ame
  •   Asye, elatriye…

Jounen jodi a, gen pati nan eskalye a ki konstwi avèk vit.

 Yon eskalye se yon altènativ kew kapab itilize nan plas:

  •  Asansè
  •   Echèl ak eskalye mekanik ki se mwayen transpò vètikal nan batiman.

Men pami tout sa yo nou site la, eskalye se pi ansyen mwayen transpò vètikal ke nou itilize nan batiman.

 Men egzijans yon bon eskalye:

  •   Anplasman eskalye : Yon eskalye dwe plase aske li ofri yon aksè fasil a moun kap viv nan batiman e pou yo kapab itilize l ak fasilite.
  •   Lajè eskalye : eskalye an dwe laj ase pou ke moun kap itilize li a kapab aksede a li san enkonvenyan. Lajè minimal yon eskalye se 90 cm nan yon apatman rezidansyèl, 1.5 m a 1.8 m nan yon batiman piblik.
  •  wotè lib: yon eskalye dwe gen yon wotè lib minimal 2.1 m a 2.3 m pou ka pèmèt a yon moun ki wo kapab aksede a li nòmalman si lap monte eskalye ak yon bagay sou tèt li.
  •   Sekirite: nan ka yon eskalye a pui ouvè, yon balistrad dwe prevwa pou sekirite. Miz an dispozisyon dwe pran pou mete menw li nesesè tou 2 kote yo.
  •   Dimansyon mach: lajè mach yon eskalye dwe gen yon lajè nòmal pou moun nan depoze pye l, e lè lap leve pyel pou pran lòt mach la li sipoze konfòtab. Wotè yon mach dwe ant 12 cm ak 18 cm e lajè mach la dwe 28 cm ak 35 cm.

Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *