EKLATMAN KAWO SERAMIK – KOZ

Eklatman Kawo seramik se yon fenomèn gonfleman. Se yon pwoblèm ke nou rankontre anpil, kote ke Kawo seramik yo kite plas yo, yo leve, yap pouse youn lòt. Lè Kawo seramik lan ak detache nan sòl la, li fè yon bri e yo kraze. Gen anpil rezon ki kapab pwovoke defo sila.Karelaj lan kapab prezante anpil defo, tankou eklatman ou flambaj kawo seramik yo, fisirasyon ak dekolorasyon Kawo seramik yo.

Gen anpil rezon ki ka koz ke Kawo seramik yo eklate, tankou:

  • 1. Chanjman tanperati
  • 2. Move egzekisyon
  • 3. Si siman nap sentre kawo seramik la ekspire e li de move kalite
  • 4. Lè planche a nivle
  • 5. Move netwayaj Kawo seramik ak planche a, tankou: ajil, grès, salte.
  • 6. Chanjman meteyolojik
  • 7. Lè nou pran yon moun ki pa kalifye pou poze kawo seramik yo.
  • 8. Ogmantasyon chaj

Men kòman nou kapab anpeche eklatman Kawo seramik yo:

1. Netwaye kawo seramik la ak planche a

2. Asire nou ke planche a nivle

3. Itilize Kawo seramik ki gen pa gen gwo dimansyon

4. Fòk nou tape dousman seramik lan poul byen fikse

5. Verifye dat ke materyo yo ap ekspire

6. Kite yon espas 2 mm

7. Lè seramik la apèn fin poze, nou dwe kite 24è pase avan nou mache sou li

8. Pran yon pwofesyonèl nan domèn lan pou poze seramik yo.


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *