DRENAJ FONDASYON – WÒL – AVANTAJ – ENKONVENYAN

KISA KI DRENAJ FONDASYON ?

Drenaj fondasyon se yon sistèm drenaj ki anba tè a. Li la pou li resevwa dlo sifas yo pa yon tiyo pou voye yo nan puiza ou nan rezo egou.

KI WÒL DRENAJ FONDASYON ?

Drenaj fondasyon an la pou pwoteje fondasyon an kont efè nefas ke dlo a kapab koz. Drenaj fondasyon an li enkontounab pou batiman ki gen yon sousòl ki konstwi sou yon sòl ki pa twò pèmeyab.

Yon batiman dwe gen yon fondasyon ki solid, estab. Si fondasyon an ekspoze ak atmosfè a, si li andomaje, lap fisire, lap tase. Nan ka ekstrèm li ka menm efondre ou ranveèse a koz enstabilite fondasyon an.

Nan anpil ka, dlo konn prensipal koupab la. Konpòtman sòl la chanje nan prezans dlo. Sòl la pèdi rijidite l, li gen plis presyon, li gen tandans pou l tase, elatriye…

Pou sa li nesesè pou gen yon drenaj fondasyon ki kapab evakye dlo a an tout sekirite.

POUKISA DRENAJ FONDASYAN AN ENPÒTAN?

Drenaj la dwe fèt otou de fondasyon an beton ou an masonri ki kenbe tè a e antoure espas ki abite ou itilize ki sitiye anba nivo sòl la.

Sòl ki ranbleye aprè konstriksyon sousòl la li mèb. Li gen plis vid, e dlo enfiltre ladan l.

Sousòl batiman an pi sansib ak pwoblèm ki gen pou wè ak enfiltrasyon dlo, tankou fuit dlo, kwasans limon, domaj elektrik, dekolorasyon penti ak dekòlman penti.

An plis sòl satire li egzèse yon presyon eksesiv sou fondasyon an. Lè sa li vin yon menas pou entegrite estriktirèl batiman an.

NB: Tout fondasyon ki fè sou yon sòl ki byen drene pa bezwen drenaj fondasyon. Koz sòl sòl lan kapab pèmèt dlo enfiltre nan kouck ki fin yo san èd drenaj.

AVANTAJ DRENAJ FONDASYON:

Sousòl sèk, san fuit.

Sousòl ak drenaj fondasyon gen plis itilite ke yon sòl imid.

Mwens depans pou entreteni li.

Yon drenaj byen enstale pa gen nesesite pou entreteni li.

Li amelyore kote ekolojik konstriksyon an.

Drenaj fondasyon an anpeche estrikti a andomaje pa fuit dlomove odè pou ki fè moustik.

Li ogmante valè batiman an.

ENKONVENYAN DRENAJ FONDASYON:

Enstalasyon drenaj fondasyon an li nesesè pou retravaye petizaj la.

Siw gen jaden nan lakou a, siw mete pwodui chimik nan sòl la pou yo grandi, Li kapab rantre nan dlo a li polye l.

Sistèm drenaj la ou dwe detere an ka de kòlmataj kanalizasyon.

Yon dren fondasyon se yon eleman esansyèl nan konstriksyon


Commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *